APÈSI

 

Nou angaje nou nan fè fòmasyon, epi bay edikatè Ayisyen yo bon jan konesans atravè devlopman pwofesyonèl. 72 zè pwogram Asirans Kalite Lekòl nou an bay patisipan yo fòmasyon ki baze sou rechèch, estrateji ki santre sou elèv ki transfòme kilti salklas yo. Fòmasyon sa etann sou yon peryòd de 3 lane. Tout matyè ak fòmasyon yo fè an kreyòl Ayisyen, nou fè sa nan objektif pou angaje edikatè yo nan estrikti aprantisaj kolaboratif yo. Diskisyon yo, deba yo, defi yo kapab jwenn nan gwoup yo, epi lòt aktivite konstriktivis tou itilize pou angaje patisipan yo. Nou wè tout patisipan yo tankou ko-kreyatè nan eksperyans fòmasyon P4H yo piske yo pote konesans ak eksperyans yo genyen deja yo nan chak sesyon yo.

Avan devlopman pwofesyonèl la kòmanse, Espesyalis Edikasyon P4H yo fè yon evalyasyon anpwofondè sou lekòl yo, evalyasyon sa genyen ladan l; obsèvasyon anndan salklas yo, entèvyou epi ankèt. Evalyasyon sa bay yon lide sou ki entèvansyon pedagojik yo dwe fè, epi li bay done de baz pou pwochèn evalyasyon yo. Apre fòmasyon yo, yo mande edikatè yo pou angaje, epi kontinye ak obsèvasyon yo pandan y ap kontinye pratike obsèvasyon yo anndan salklas yo ak lòt edikatè. Nou fè swivi ak direktè lekòl yo ak apèl telefonik, epi siveyans pou sipòte yo nan aplikasyon metòd yo.


ESTRATEJI PWOGRAM

  1. Devlopman Pwofesyonèl Edikatè nan Lekòl pou Ayisyen yo (EPD)

    • Nan EPD Lekòl, se yon pwogram entansif ki dire 3 lane ki fokis sou ranfòsman dirab edikatè yo atravè estrateji ki baze sou rechèch.

    • Pwogram nan genyen ladan l 72 zè de kontak, yon Liv Resous Pedagogik, Fòmasyon Direktè, Plan Obsèvasyon Pwofesè, Evalyasyon Lekòl ak Dyagnostik, anplis, li genyen admisyon nan konferans anyèl la, ki se EPDC.

    • Se espesyalis nan edikasyon nou yo nan peyi Ayiti, ki ap travay an plen tan, ki responsab pou dirije pwogram sa.

  2. Konferans Nasyonal sou Devlopman Pwofesyonèl Edikatè (EPDC)

    • EPDC a se yon konferans yo fè chak ane kote yo envite edikatè Etazini yo vin pataje ekspètiz yo genyen sou estrateji, ki baze sou rechèch yo ak edikatè Ayisyen yo.

    • Konferans lan ouvè pou edikatè nan tout peyi, epi yo òganize l nan mwa Jiyè. Edikatè ki te patisipe nan pwogram EPD nan lekòl nou an pap kapab patisipe.

    • Konferans sa pèmèt edikatè Ayisyen yo jwenn opòtinite pou aprann nouvo estrateji, epi fè rezotaj ak edikatè nan tout peyi a.

  3. Kominote Pwofesè Ayisyen

    • Fòmatè P4H yo fasilite yon paj Facebook kote yo kapab reyaji ak nenpòt pwofesè Ayisyen. Objektif la se pou kreye yon anviwonman ki ap pote ankourajman kote pwofesè yo ap kapab aprann, epi grandi nan pwofesyon yo.

  4. Rechèch epi Evalyasyon

    • Nou envesti nan fè obsèvasyon sou enpak nou, epi asire n nou konble atant edikatè Ayisyen yo nan bezwen yo genyen. Nou rive reyalize sa atravè evalyasyon nou fè nan chak etap nan estrateji nou yo.

Nòt: Nou dirije tout pwogram nou yo nan lang Kreyòl Ayisyen an.


PWOGRAM NOU TOUCHE YO

  1. Tout fèt nan lang Kreyòl Ayisyen

  2. Se espesyalis nan edikasyon an Ayiti yo ki mennen pwogram P4H yo

  3. Yo vrèman angaje, epi anviwonman santre sou aprenan yo.

  4. Nòt anmwayèn patisipan yo avan pwogram nan se 42%; epi apre pwogram nan se 92%.

  5. Fòmasyon an genyen ladan l:

    • Evalyasyon sou lekòl yo, epi rapò Dyagnostik

    • 2 zè entansif sou devlopman pwofesyonèl ki baze sou rechèch (anviwon 3 ane)

    • Liv rechèch sou pedagojik P4H

    • Sètifika pou patisipasyon (yo jwenn li nan fen fòmasyon an)

    • Sètifika achèvman (yo bay li nan fen twazyèm ane pwogram nan)

    • Swivi sou plan obsèvasyon pandan ane lekòl la

    • Admisyon nan pwogram anyèl konferans sou devlopman pwofesyonèl edikatè P4H la


SIJÈ TEMATIK POU FÒMASYON YO

Premye Ane

Teyori Edikasyonèl Fondamantal yo
Jesyon Salklas
Aprantisaj Kolaboratif epi Angajman

Dezyèm Ane

Evalyasyon
Planifikasyon Leson
Oto-Refleksyon

Twazyèm Ane

Bon Jan Pratik ak Etik yo
Estil Lidèchip yo
Lidèchip Pwofesè, Elèv ak Paran

 
 

Vizite Kesyon Souvan Poze nou yo pou w genyen plis enfòmasyon sou pwogram Asirans Kalite Lekòl nou an.


CHÈCHE PLIS ENFÒMASYON SOU NOU

Si w enterese ak pwogram Asirans Kalite P4H la pou lekòl ou an, ranpli fòm sa a epi yon moun nan ekip nou an ap antre an kontak ak ou.