ENVESTI NAN ÒGANIZASYON W LAN

Kèlkeswa ou apèn ap kòmanse yon biznis/òganizasyon ki pa vize fè lajan, re envante pwogram, oubyen planifye sèvis vwayaj enytènasyonal, ekip nou an ap bay tout li menm pou ede w ak misyon ou an. Eksperyans nou genyen nan pwogram sou devlopman, konsepsyon sou pwogram dirab, devlopman sou lidèchip lokal, ak devlopman ki pa vize fè lajan pral ede w avanse ak pwogram ou yo nan yon nivo avanse.

Nou kreye pwogram konsiltasyon P4H la yon fason pou ba w sipò ak estrateji ki ap ba w ladrès pou ou kapab sèvi kominote w la ak lanmou. Konsltasyon P4H la se yon patenarya kote ekip nou an pral akonpanye w pou ou ka panse yon fason kritik, epi kreyatif sou travay w ap fè a, epi kijan w kapab rann li dirab.

Objektif ak misyon tout moun varye anpil, se pou rezon sa konsiltasyon P4H la deziye yon fason pou reponn ak bezwen espesifik ou yo. Nou kòmanse tout patenarya yo ak yon 30 minit konsiltasyon gratis yon fason pou kreye pi bon plan ki kapab mache ak pwogram ou an.

Ou enterese?
Ranpli fòm anba pou w kapab mande plis enfòmasyon.