OGMANTE ENPAK OU

 
 

Klas Metriz P4H la se yon pwogram fòmasyon anliy ki pa genyen yon lè espesifik, ki la pou ekipe w ak bon jan konesans, zouti nan objektif pou w kapab kreye yon chanjman dirab. Anpil moun ap fè yon bon travay nan mond lan. Ebyen nan sans sa, Klas Metriz P4H la anvi w fè pi byen toujou.

Pwogram fòmasyon sa kreye nan objektif pou kapab ini, ekipe lidè yo pou yo kapab bay yon chanjman ki pozitif epi dirab anndan kominote yo. Menm si se yon òganizasyon ki pa vize fè lajan, volontarya anndan vil yo, oubyen w ap dirije yon ministè ki baze sou lafwa, oubyen w ap chèche yon devlopman dirab pou endistri pa w la, ebyen klas metriz sa ap ba w konpetans ak zouti nesesè pou ou planifye, egzekite epi evalye enpak ou nan pwogram nan.

Klas Metriz P4H la kapab aplike pou kèlkeswa lè ou te ka chwazi a.
Ak kou anliy fleksib nou an, ou kapab pran Klas Metriz P4H la nenpòt lè, epi nepòt kote. Acha anliy pou Klas Metriz sa ap disponib pwochènman. Tanpri ranpli fòm sa ki anba a si w enterese  pou w genyen plis enfòmasyon.


KÒMANSE ISI A!

Si w enterese pou w kapab konstwi kapasite w pou w kapab kreye chanjman, oubyen genyen nenpòt kesyon sou klas la, tanpri ranpli fòm sa epi ekip P4H la pral fè swivi ak ou.


KILÈS KI KAPAB ENSKRI

Si nenpòt nan kategori sa yo bon pou ou, ebyen Klas Metriz P4H la se tout sa ou te bezwen!

  • Ou menm ak kominote w la / òganizasyon w lan ap chèche pou grandi enpak ou.

  • Ou bezwen fòmasyon pou w ogmante konpreyansyon elèv ou yo sou devlopman dirab.

  • W ap chèche pou w konstwi kapasite rezotaj òganizasyon w lan ki pa vize fè lajan an nan kominote a.

  • W ap chèche pou w kapab ini aktè kle ki nan kominote w la pou w kapab rezoud pwoblèm yo.

  • Ou se yon direktè misyon, epi w ap chèche pou w kapab inove pwojè òganizasyon w yo aletranje.


BAGAY W AP BEZWEN KONNEN

KISA W PRAL RESEVWA

  • Aksè ak Klas Metriz P4H anliy la pandan yon lane

  • Yon kopi nimerik liv Devlopman Dirab P4H la

KISA W PRAL BEZWEN FÈ

  • APRANN- Baz devlopman dirab yo

  • EKSPLORE- Konsèp devlopman kominotè ki baze sou byen yo

  • EVALYASYON- Diferan konpozan pwogram devlopman an

  • Aplikasyon- Prensip devlopman dirab yo nan domèn pa w la


RANKONT AK ENSTRIKTÈ W LA

 
 

temwayaj

Tande sa patisipan ki te pase yo di sou Klas Metriz P4H la!

 
 

“Klas sa te banm konesans nesesè pou m te kapab vanse ak konfidans nan konstriksyon biznis mwen ki pa vize fè lajan nan yon fason ki pi responsab epi konsyan.”

Jewel Walwyn, Fondatris ak PDG Òganizasyon

“Pa gen okenn mo ki ka eksplike bon travay nou fè nan sèlman 3 semèn. Mèsi anpil pou vizyon nou ak volonte nou te genyen pou nou te ofri nou opòtinite pou te byen konprann, epi byen aprann menm anpil nan bagay nou menm ak ekip nou te aprann pandan plizyè ane. Mwen ranpli jis m ap debòde. Yèswa mwen te panse anpil sou mo mwen te ka itilize pou m dekri klas la, epi m te vrèman bezwen jwenn 3 mo. Premye a se te DIRIJE, dezyèm nan se te AKABLE, epi twazyèm nan se te ANKOURAJE. Nan premye moman, mwen t ap enkyete m sou santiman akableman, apre mwen vin reyalize 2 a se temwanyaj sou bon travay nou ap fè a. Nou te boulvèse m, mete panse m ak eksperyans mwen an defi, nou ogmante nivo m, epi AJOUTE sou sa m te gentan konnen. Pwosesis sa konplike anpil, men kounye a mwen rekonèt li kòm yon pwosesis kwasans. Grenn nan te gentan plante, men nou wouze l, nouri l epi pouse l jiskaske l pete boujon, kounye a, sa pral ankouraje m pou m grandi plis. Kidonk, mwen selebre akableman paske se la mwen te eksperimante yon bagay siyifikatif, epi se la chanjman te opere. Klas sa te banm konesans nesesè pou m te kapab vanse ak konfidans nan konstriksyon biznis mwen ki pa vize fè lajan nan yon fason ki pi responsab epi konsyan.”

 
 

“Klas Metriz P4H la gade an pwofondè divès defi devlopman dirab la ap konfronte, epi li bay bon jan metodoloji pou fè fas ak defi sa yo.”

Stephen Ziegler, Konsiltan Egzekitif

“Klas Metriz P4H la gade an pwofondè divès defi devlopman dirab la ap konfronte, epi li bay bon jan metodoloji pou fè fas ak defi sa yo. Nan eksperyans pa m, pi bon pati nan klas la se enspirasyon mwen te jwenn nan lòt elèv yo nan jan yo t ap pataje fason ki inik yo ap pote chanjman pozitif nan mond lan.”

 
 

“Klas sa ogmante anvi m plis pou m genyen plis panse entwitif, epi refleksyon pou m idantifye vrè pwoblèm nan, travay sou yon solisyon dirab, epi konstwi sou sa yo te deja banm.”

Hannah Nowers, Etidyan Inivèsite

“Klas sa se te tout bagay mwen t ap espere! Mwen t ap chèche yon plas kote an premye ak moun ki ap fè diferans nan mond lan, men tou, genyen nouvo pèspektif. Piske mwen anbake nan yon nouvo vwayaj nan nivo eskolè, epi ap chèche pou m kapab travay anndan sistèm sosyal devlopman dirab la, mwen te bezwen zouti ki ap ede m konprann kapasite moun yo, epi konpran davantaj lyen ki genyen ak diyite a. Sa pran moun yo plis tan pase sa n te ka imajine! Mwen wè potansyèl pou transfòmasyon an la, epi mwen kwè klas sa ogmante anvi pou panse ak plis entwisyon, epi reflechi plis pou jwenn pwoblèm solisyon yo, travay sou solisyon dirab yo, epi konstwi sou sa yo te deja ba nou. Mwen apresye valè nou pataje, tan nou bay, epi tout matyè nou dispoze nan devlopman klas sa. Mwen te kite dènye sesyon nou ak anpil kiryozite epi plis anvi pou sa ki nan transfòmasyon global devlopman dirab la. Mèsi P4H!”

 
MC Website Photos (4).png
 

“Mwen pa ka imajine mwen rive jis la epi m pat janm konnen baz Devlopman Dirab yo.”

Haley Harshman, Administratè Konstitisyon Lekòl yo 

“Klas Metriz sou Devlopman Dirab la se te dènye kout pous mwen te bezwen pou m te kòmanse avanse pandan sezon vyèj sa. Kòm yon ansyen abitan ki ap travay pou yon òganizasyon ki pa vize fè lajan nan domèn avansman edikasyon an, mwen pa imajine mwen rive jis la, epi m pat janm konnen baz Devlopman Dirab yo. P4H fè moun yo konnen yo, se jiskaprezan pi bon bagay mwen te pale ak kèk nan kòlèg mwen yo sou li pou m patisipe nan pwochen klas la.”

 
 

“Kounye a, mwen santi m pi byen ekipe menm si m pa jwenn tout repons ak kesyon m yo. Gade chimen nou swiv la, swiv bon direksyon an, epi konnen tout sa se yon pwosesis, ebyen sa fè nou santi n byen.”

Heather Gringas, Jesyonè Pwogram Òganizasyon

“Li tèlman difisil pou mwen pou m ap di kijan m rekonesan pou Klas Metriz sa, Kesyon tan, materyèl yo, konesans ak enèji nou de a pote kòm ekip. Se tankou yon gro pwa nou retire sou epòl mwen. Mwen te konnen nou te dwe amelyore travay nou, men mwen potko konnen ki kote m ta pral kòmanse. Fè lòt moun nan ekip nou an swiv klas la gen yon gro enpak. Nou gen kèk tan n ap travay ansanm, epi nou genyen kèk konvèsasyon ki enpòtan anpil. Kounye a, mwen santi m pi byen ekipe menm si m pa genyen tout repons yo. Gade chimen nou swiv la, swiv bon direksyon an, epi konnen tout sa se yon pwosesis, ebyen sa fè nou santi n byen. Nou genyen kèk zouti pou n kòmanse, epi n konnen si nou kole nan wout, genyen èd n ap jwenn pou mennen nou nan bon chimen an.”


Vizite Kesyon Souvan Poze nou yo pou w genyen plis enfòmasyon sou pwogram Klas Metriz P4H nou an.