Untitled design (13).png

ASIRE W DONASYON W YO KONTE

Nou konte sou jenerozite moun ki ap chanje mond lan tankou ou yo pou n kontinye fè diferans nan lavi moun Ayiti yo. Se yon onè pou nou pou fè patenarya ak moun epi òganizasyon ki pi ekstrawòdinè nan fòmasyon ak ekipe edikatè Ayisyen yo nan pratik ki santre sou elèv. Pat janm gen yon moman ki te pi enpòtan pase sa nan sipò elajisman rezo nou yo, epi nou vle envite w pou w fè pati travay sa ak nou. Eske sa ap fè w plezi pou w fè patnè ak P4H pandan w ap fè yon don yon fwa, oubyen yon patizan ki ap fè don chak mwa a P4H?


ISTWA PATIZAN P4H YO

Nou te mande kèk patizan poukisa yo te deside fè patenarya ak P4H Global sou yon baz mansyèl. Men istwa yo te rakonte.

 
Darren & DanessaWe chose to be P4H Advocates because we wanted to invest and donate to an organization that is making a sincere and effective change in Haiti. P4H is an organization that we wholeheartedly trust to find the needs of the Haitian p…

Darren & Danessa

Nou chwazi alye ak P4H paske n te vle envesti epi fè don ak yon òganizasyon ki ap fè yon chanjman sensè epi efikas nan peyi Ayiti. P4H se yon òganizasyon nou konfye ak tout kè nou pou jwenn sous bezwen pèp Ayisyen, pèp aktyèl la, epi konstwi/egzekite pwogram pou pote solisyon dirab a bezwen sa yo. Nou te kòmanse wè evolisyon òganizasyon an depi 2011, epi depi lè sa li sèlman ap pote amelyorasyon ak otonomi pou Ayisyen yo kanpe.

RubenI partner with P4H because I wholeheartedly believe that this organization is going to continue making positive, impactful, and sustainable changes in any country blessed enough with their presence. I’ve historically resisted giving to organiza…

Ruben

Mwen fè patenarya ak P4H paske nou kwè ak tout kè nou òganizasyon ap kontinye fè enpak pozitif ak chanjman dirab, epi tout peyi beni ak prezans li. Istorikman, mwen te konn fè rezistans lè pou m fè don ak òganizasyon, espesyalman sa ki bay tèt yo misyon bay èd ak moun ki soti nan tè paran m yo nan peyi Ayiti, piske yo te toujou nan difikilte pou banm eksplikasyon sa yo pral fè ak lajan mwen an. Tout bagay sa yo te chanje lè m rankontre fanmiy P4H la, epi m renmen modèl devlopman dirab ak fason yo redefini èd la. Olye pou yo kontinye ak sistèm depandans lan, P4H ankouraje otonomizasyon ak diyite pami moun li ap sèvi yo. Se pou rezon sa, mwen ap kontinye sipòte efò yo atravè donasyon mwen ak espwa pou m wè òganizasyon sa grandi aspè li yo pou pi lwen.

Mark & GraceI believe in what P4H is trying to achieve - as a teacher and administrator, I believe that development is best achieved when you teach someone rather than do for them. I began to support P4H when the first teacher's conference was i…

Mark & Grace

Mwen kwè nan objektif P4H ap eseye reyalize a. Kòm yon pwofesè epi administratè, mwen kwè devlopman pi byen reyalize lè w anseye yon moun olye w fè don ak li. Mwen te kòmanse sipòte P4H pandan premye konferans pwofesè a te nan etap planifikasyon li. Mwen kwè nan devlopman pwofesyonèl P4H la- fòme fòmatè. Dirabilite a kapab fè yon pi bon enpak! Si w fòme fòmatè, enpak la ap miltipliye pa kantite moun ki patisipe yo. Reflechi byen- konbyen nan yo sa fè enpak sou yo chak fwa P4H genyen nenpòt konferans lan? Piske sèm nan se youn nan ko-fondatris, sa mete plis gou ladan l. Kesyon an kounye a pa “Poukisa m ap sipòte P4H finansyèman?” men pito, “Poukisa pou m pa ta sipòte P4H finansyèman?”

Ryan & CristinaWe love giving to P4H because we know our support empowers locals to be the change that God designed them to be. We know each person was created with purpose, and we want to be conscious of enabling that purpose to thrive, instead…

Ryan & Cristina

Nou renmen fè don ak P4H paske nou konnen sipò nou an bay otonomi ak lokalite yo pou yo fè chanjman Bondye te kreye yo pou fè an. Nou konnen chak moun te kreye pou yon objektif, pou sa nou vle konsyan pou n pèmèt objektif sa yo reyisi, olye pou n ap fè don sèlman pou nou ka santi nou pi byen “paske n ap fè yon bagay”. Atravè ane yo, P4H te toujou ap pouse limit patenarya yo pou bay plis otorite lokal aksè nan pran desizyon, nou kontan anpil pou nou wè ki enpak dirab ki pral genyen nan envestisman volontè sa. Nou gen asirans pi bon bagay yo ap vini.