JENERAL

Kijan P4H te pran nesans?

P4H Global, yo konnen sou non “Pwojè pou Ayiti” te pran nesans nan lane 2011. Se doktè Berthrude ak doktè Priscilla ki te fonde òganizasyon sa. Fè yon ti gade videyo sa yo pou nou genyen plis enfòmasyon sou kijan P4H Global te kòmanse ak tout bagay.


Nan ki domèn / zòn P4H Global opere?

Depi lane 2011, P4H Global te kòmanse travay Okap Ayisyen ki se dezyèm pi gran vil nan peyi Ayiti. Konferans P4H yo baze sou Sant Fòmasyon P4H yo nan katye Cite Jerusalem Okap Ayisyen, epi patnèchip lokal nou yo pèmèt fòmasyon nou yo laji nan tout 10 depatman peyi a.

P4H Global genyen plan pou li laji pwogram devlopman edikasyonèl li yo nan lòt peyi nan ane ki ap vini yo. Rete konekte ak diferan chanèl nou yo (medya sosyal yo, jounal yo) pou ou genyen plis enfòmasyon sou dènye mizajou yo.


Kisa “Devlopman Dirab” la ye, epi poukisa nou panse li enpòtan?

Devlopman Dirab (DD) se yon tèm ki dekri yon patenarya dirab nan objektif pou ede kominote a avanse nan yon sans oubyen yon lòt. Yon devlopman dirab efikas kapab reyalize atravè evalyasyon bezwen kominote yo, èd ki fokis sou fòmasyon ak otonomizasyon. Devlopman dirab la se baz vizyon nou an nan fason n ap re defini fason pou ede a. Nou pa kapab reyalize devlopman nan distribisyon. Nou kapab konstate devlopman lè òganizasyon yo ak moun yo angaje yo nan solisyon dirab ki fokis sou fòme moun ki fè pati kominote lokal yo. Èd ki chita sèlman sou distribisyon ak bay kèk materyèl kapab mennen a yon depandans, epi ekonomi lokal yo kapab kraze. Sepandan, Devlopman dirab la kapab pèmèt gen endepandans, epi ogmantasyon nivo diyite moun yo nan kominote lokal la.


Si m ta enterese a kòmanse yon biznis ki pa vize fè lajan, kote pou m ta kòmanse?

Sa toujou fè n kontan anpil chak fwa nou tande moun ap pale de pasyon yo pou yo fè yon diferans nan mond lan. Si w enterese pou kòmanse yon biznis/òganizasyon, swiv etap sa yo pou w kapab kòmanse jodi a.

1.   Konnen “Poukisa w anvi sa”

Pran yon ti tan pou ou reflechi sou sa w ap bezwen pou w kapab chanje mond sa. Konprann difikilte yo anpwofondè, epi konnen poukisa òganizasyon pa w la pral toujou egziste. Anpil fwa, nou pa kapab abòde yon gwo pwoblèm ki gen dimansyon mondyal tankou” Povrete mondyal”, Aprann konnen plis bagay sou pwoblèm ki atire atansyon w lan. Konnen ki wòl ou menm ak òganizasyon w lan kapab jwe nan solisyon pwoblèm nan. Ekri Rezon w lan, epi poukisa w panse òganizasyon w lan pral kontinye egziste.

2.   Idantifye patnè w ap vle travay ak yo nan kominote lokal yo

Devlopman dirab kapab posib atravè bon jan patenarya ki egziste ant moun nan kominote lokal yo. Yo pi byen konprann pwoblèm yo ak difikilte yo, sa pral koz yo kapab ede w idantifye pi byen fòs ak bezwen kominote a. Konstwi bon jan relasyon ak moun sa yo paske siksè reyisit pwojè a ap depann de travay kolektif ou menm ak moun sa yo.

3.   Travay sou estrikti òganizasyon w lan

Aprann konnen antre ak soti òganizasyon ki pa vize pou fè lajan yo. Kreye diskou misyon pa w la, non òganizasyon an, epi idantifye moun ou vle travay nan estaf ou a. Idantifye kisa òganizasyon w lan ap bay/ nan ki domèn li ap opere, epi panse a konplikasyon pwosesis pou reyalize objektif yo. Li enpòtan pou ou travay alanvè nan etap sa. Toujou mande moun ide yo/konsèy. Asire w misyon pa w la byen defini, epi tout moun konprann li klè.

4.   Mete dokiman w / papye yo an òd

Etap yo chanje selon bezwen / kondisyon pou òganizasyon ki pa vize fè lajan yo. Aprann konnen regleman chak etap yo. Deside si w vle devni yon òganizasyon ki pa anvi peye taks, si w deside pou òganizasyon w lan devni yon òganizasyon 501 ki pa vize fè lajan, ranpli papye nesesè IRS la. Chak kondisyon yo genyen yon pri ki asosye ak yo, pou sa, w ap bezwen konnen kisa w ap bezwen peye, epi lajan w ap kolekte si sa nesesè.

5. Enskri nan Klas Metriz P4H la!


ASIRANS KALITE LEKÒL

Ki sijè nou diskite nan fòmasyon yo?

Genyen divès sijè edikatif ki baze sou rechèch ki kouvri tout 3 ane pwogram nan:

Premye Ane a: Teyori Edikasyonèl Fondamantal yo, Jesyon Salklas, Aprantisak Kolaboratif ak Angajman

Dezyèm Ane: Evalyasyon, Planifikasyon Leson, Oto-Evalyasyon

Twazyèm Ane a: Lidèchip


Mwen ta renmen P4H travay ak lekòl mwen an Ayiti. Kijan mwen ka kòmanse pwosesis sa?

Ou kapab vizite paj Asirans Kalite Lekòl la, epi ranpli yon fòm ki ap eksplike enterè w genyen pou swiv pwogram nan anba paj la. Yon moun nan estaf nou an ap kontakte w pou pran randevou ak ou.


KLAS METRIZ P4H

Kisa Klas Metriz Devlopman Dirab P4H la ye?

Klas metriz P4H la se yon gran eksperyans anliy ki la pou moun ki ap travay pou chanje mond lan. Apre plis pase 10 lane devlopman epi prezante pwogram ki baze sou devlopman dirab an Ayiti ak Etazini, P4H Global te devlope yon klas Metriz ki gen pou misyon pataje konesans sou pratik devlopman dirab yo. Klas Metriz P4H la anseye kijan moun ki ap travay nan chanjman mond yo kapab ede kominote lokal yo yon fason efikas, san yo pa blese moun yo. Fòmasyon anliy sa fèt pa kèk ekspè yon fason pou bay patisipan yo bon jan zouti pratik ki ap ede yo ogmante enpak yo anndan kominote yo. Misyon nou se pou fòme pwofesè pou transfòme Ayiti; Klas Metriz la se sèl fason nou reyalize sa.


Kimoun ki anseye Klas Metriz la?

Se Dr. Priscilla Zelaya ki anseye kou sa akoz li gen yon espesyalite nan devlopman dirab, epi kapasite nan konstriksyon kominote yo.


Ki sijè yo pale sou yo anndan Klas Metriz la?

Klas Metriz la ede grandi bon travay w ap fè a. Menm si enpak travay ou fè a ta lokal oubyen global, nou pral ede w re defini fason w bay èd la nan domèn ou fokis la, epi entegre prensip devlopman dirab yo anndan pwosesis ou a.

Pandan kou a, ou pral aprann sou:

  1. Prensip Devlopman Dirab yo

  2. Devlopman kominotè ki baze sou byen( sa moun posede)

  3. Konsepsyon Pwogram

  4. Evalyasyon Pwogram


Ki moun ki kapab vin patisipe nan kou sa?

Tout moun kapab! Klas Metriz Devlopman Dirab P4H la ap resevwa tout moun. Ou pa bezwen te genyen eksperyans sou devlopman deja, oubyen èd nesesè. Nou genyen aprenan nan diferan nivo; kidonk, w ap jwenn plas kanmenm.


Ki avantaj ki genyen si w konplete tout sesyon an?

Si w enterese a Klas Metriz sa, sa vle di w ap chèche kijan pou w pi byen fè travay ou. Menm si w ta fenk kòmanse travay nan koze devlopman, oubyen ou ta gen anviwon 10 lane ap travay nan kominote w la, kou pa nou an ap ba w bon jan enstriksyon, epi konfyans w ap bezwen pou w kapab ogmante enpak ou fè ak travay ou a/yo. Klas Metriz nou an ap fòme w pou w kapab re defini fason w pote èd nan domèn ou an.


Mwen ap viv nan yon lòt peyi - eske m kapab toujou pran kou sa?

Kèlkeswa ou isi oubyen lwen, klas anliy sa ap disponib pou ou. Modèl klas ki pa genyen yon lè espesifik anliy sa pèmèt tout moun, kèlkeswa kote a gen aksè a klas la.


Kisa w ap jwenn anplis ak frè enskripsyon an?

  1. Kopi nimerik liv/dokiman Devlopman Dirab P4H la

  2. Aksè anliy ak Klas Metriz P4H la pandan yon ane


Kisa ki ap genyen lè m fin swiv kou a?

W ap kapab chanje mond lan.


OU TOUJOU GENYEN KESYON?

Ranpli fòm ki anba a, epi youn nan manb estaf la ap kontakte w byen rapid.