VIZYON NOU

IMG_0116.jpg

Redefini Èd

P4H Global ap f apèl pou chanje yon fason radikal fason moun konprann, epi angaje yo nan koze èd. Nan mond travay sou charite a, li se yon verite pou konnen bon jan entansyon kapab parèt pafwa vrèman danjere.


MISYON NOU

Fòme Moun pou Transfòme Nasyon yo

Nou kwè ak tout fòs nou, devlopman dirab mande pou lidè lokal yo gen pouvwa. Soti nan edikatè ki nan peyi an devlopman yo, pou rive nan diferan òganizasyon atravè mond lan, P4H bay moun yo ak kominote yo bon jan zouti atravè kèk pwogram ki pote inovasyon.


Estrateji nou

KONEKTE | EKIPE | BAY POUVWA

Nou KONEKTE moun tout domèn nan lavi, yon fason pou yo kreye bon jan relasyon ki ap pèmèt yo tout benefisye, epi ki ap dirije yo sou wout chanjman ki pozitif.

Nou EKIPE patnè nou yo ak bon zouti, konpetans ak bon jan eksperyans ki ap pèmèt yo transfòme kominote yo.

Nou BAY POUVWA pou moun yo avek mwayen pou yo wè, atravè sikonstans yo, kapasite ki genyen nan lòt moun, epi nan tèt pa yo.