DEVOUMAN NOU POU DEVLOPMAN

Pandan ane yo te nan inivèsite Florida a, menm avan yo te gradye, doktè Priscilla Zelaya, epi doktè Berthrude Albert ki se ko-fondatris P4H Global la te kreye yon pwojè yon fason fòmèl pou Ayiti. Yo te konn vwayaje nan peyi Ayiti plizyè fwa, san se pa ansanm, yo te vin reyalize yo gen yon pasyon ki djanm pou pèp Ayisyen an. Yo te vin detèmine anpil pou jwenn yon bon fason yo kapab kontribye nan rekonstriksyon Ayiti.

Nan dat ki te 5 Mas 2011, Priscilla ak Berthrude te pran yon gwoup ki te genyen 19 elèv UF pou mennen yo Okap Ayisyen, Ayiti. Malgre yo potko fè okenn eksperyans nan òganize vwayaj entènasyonal, yo te rete kwè vwayaj sa ta pral gen yon enpak ekstrawòdinè sou popilasyon Ayisyèn nan. Sa te etone yo paske enpak la te ekstrawòdinè, men li pa te pozitif. Mwa ki te vini avan vwayaj la te rive a, Priscilla ak Berthrude te ranmase plis pase 1000 liv soulye/tenis, rad ak manje. Sa te fè yo gen konfyans si yo pote tout bagay sa yo, sa ap ede pèp Ayisyen an. Apre yo fin pase 7 jou ap separe manje ak rad, Priscilla ak Berthrude t ap chèche konnen enpak aksyon an bò kote lidè ki nan kominote a. Ebyen, lidè Ayisyen yo te di yo, akoz vwayaj misyonè sa, anpil machann nan kominote a pral pèdi biznis yo pandan semèn ki ap vini yo. Kidonk, malgre vwayaj la te fèt yon fason pou ede pèp Ayisyen an, ebyen sa pa te byen fini pou kominote a paske l te fè kèk moun plis mal pase byen.

14681002_1216269565111617_349615831781727910_o.jpg

Lè yo retounen Etazini, Priscilla ak Berthrude te angaje yo pou yo konprann kijan yo ka vrèman ede moun ki nan nesesite yo. Lafwa yo genyen te motive yo, pandan plizyè mwa apre vwayaj yo a, yo t ap diskite sou Miche 6 vèsè 8, kisa sa vrèman vle di, “Chèchè lajistis. Lanmou ak pitye, mache nan sajès devan Bondye.” Yo te panse chèche jistis vle di wè pi lwen pase wè moun an Ayiti yo ki nan bezwen an tankou moun ki bezwen yo ba yo ti èd. Yo te panse tou, chèche jistis te vle di itilize tèt ou ak kè ou pandan w ap pote èd. Konsa, Priscilla ak Berthrude te vin kwè, malgre gro mizè anpil Ayisyen ap viv, ebyen sikonstans y ap viv yo pa kapab detèmine kapasite yo genyen lakay yo.

Pandan yo t ap chèche konprann pi byen tèm devlopman dirab la, Priscilla ak Berthrude te deside pou fè P4H Global devni yon òganizasyon ofisyèl. A pati 6 Jiyè 2011, P4H te konstitye yon biznis ki pa vize fè lajan nan eta Florida. Nan dat ki te 5 Desanm 2011, IRS te gentan deziyen P4H kòm 501 (c)òganizasyon ki pa vize fè lajan. Nan premye ane fòmasyon yo, P4H te angaje l pou te fè nesesite (bezwen) devlopman pèp Ayisyen pase avan anvi pou ede a. Kèk ane apre, angajman sa kontinye ap gide tout pwogram ak vwayaj P4H ap òganize yo.


tedx Talks

Chak ane, Ameriken depanse lajan ak tan yo nan sipòte moun nan peyi pòv yo. Men, kisa n panse si bon ide pou ede sa yo ta fè moun yo plis mal olye yo ede yo? Berthrude ak Priscilla vini ak yon modèl èd ki sipòte ranfòsman moun nan kominote lokal yo, epi ede yo jwenn otonomi yo.

Kontrèman ak sa anpil moun panse, pitye se youn nan emosyon ki pi danjere nou ka posede akoz kapasite li genyen pou detwi diyite moun ki vilnerab yo. Berthrude ak Priscilla ta pral chèche dekouvri pandan pakou yo kijan bon entansyon yo te genyen pou moun yo te vle ede yo te blese yo okontrè.