SA NOU KWÈ

POVRETE

  • Nou kwè solisyon pou povrete a chita anndan kominote lokal yo.

  • Nou kwè nan envestisman, pa nan fè distribisyon.

  • Nou kwè kominote ki gen bon jan kapasite kapab transfòme nasyon yo.

  • Nou pa sèlman kwè nan pitye pou moun ki vilnerab yo, men tou nan yon bon plan pou nou kapab satisfè bezwen yo san nou pa imilye/detwi entegrite yo.

  • Nou kwè bon jan edikasyon ki genyen kalite, ak bon jan fòmasyon enpòtan anpil pou mete yon fen ak povrete.

MOUN YO

  • Nou kwè Bondye te kreye tout moun nan imaj li, sa lakoz yo genyen yon ansanm valè ak diyite ki komen, kèlkeswa nasyonalite, ras yo te ka soti ladan l lan, sèks yo, klas sosyal yo, oubyen prensip oubyen kwayans yo genyen.

  • Nou kwè yo dwe abòde nesesite moun vilnerab yo yon fason ki byen kalkile.

  • Nou kwè nou ta dwe pase bezwen moun ki nan nesesite yo avan enterè pèsonèl nou.

  • Nou kwè kilti se yon aspè ki enpòtan anpil nan tout sosyete yo ta dwe rekonèt, selebre epi respekte.

PATENARYA

  • Nou kwè patenarya yo kapab ede nan ranfòsman youn ak lòt.

  • Nou kwè gen bon jan opòtinite ki kapab kreye nan kolaborasyon, moun te ka pa jwenn si yo pa te fè alyans.

  • Nou panse respè youn pou lòt, tande youn lòt epi poze kesyon enpòtan anpil pou efikasite patenarya yo.

  • Nou kwè yo pa ta dwe janm fè yon bagay pou yon moun si li ka fè bagay sa pou tèt li.

  • Nou kwè yon angajman dirab kapab ankouraje plis konfyans, epi ranfòse relasyon yo.

PWOFESYONALIS

  • Nou kwè moun ki ap pratike lidèchip yo dwe viv yon fason pozitif ki ap sèvi moun ki ap swiv yo egzanp ni pandan yo nan espas travay yo, ni lè yo pa nan espas travay yo.

  • Nou kwè onetete ak entegrite se pilye pou yon òganizasyon rete djanm.

  • Nou kwè transparans nan koze finans ak responsabilite se kle pou kenbe entegrite nan yon òganizasyon.

  • Nou kwè tout aksyon ki ap poze, menm sa ki plis banal la ta dwe respekte diyite chak grenn moun.

  • Nou kwè yon kilti ki byen òganize kote ki genyen pasyon, tolerans, ak lajwa, sa ap pèmèt gen plis randman nan pwodiksyon an.