Apèsi

Nou santi nou fyè pou nou anonse ke P4H Global ap lanse ofisyèlman enskripsyon prim Pwofesè Nasyonal Ane 2024 an (PwoNa) an Ayiti! Pandan n-ap lanse twazyèm edisyon gran konkou sa, n-ap fè w konnen ke n-ap bezwen èd ou!

Eske w konnen yon anseyan ayisyen ki merite onore pou gran kontribisyon li pou yon edikasyon de kalite an Ayiti? Eske w konnen yon anseyan ayisyen ki se modèl pasyon, devouman ak ekselans nan salklas yo? Nou ta renmen onore yo! Kòm òganizasyon, nou kwè ke anseye ta dwe pwofesyon ki pi enpòtan an Ayiti epitou pwofesè yo dwe leve byen wo epi yo dwe selebre yo pou kontribisyon yo nan sosyete ayisyèn nan. Prim sa se prim ki pi prestijye pou ansèyman an Ayiti. Li selebre kontribisyon pwofesè yo nan tout kat kwen peyi Dayiti.

Ane sa k-ap vini an, dis (10) anseyan (youn nan chak depatman) ap gen pou resevwa lonè pandan seremoni pou remèt prim yo nan Okap Ayisyen. Chak pwofesè ap gen pou resevwa yon sètifika, yon twofe ak yon prim lajan ki se $1000 ameriken. Pami dis (10) anseyan sa yo, ap gen youn ki chwazi kòm Pwofesè Nasyonal pou Ane a (PwoNa) epitou l-ap resevwa $2000 ameriken antou. Apresa, ap gen de (2) pwofesè ki pra l resevwa yon prim ki se $500 ameriken kòm mansyon onorab.

Tout finalis yo pral jwenn yon envitasyon pou rantre Okap Ayisyen pou vin patisipe nan yon seremoni pèsonn moun pa-p janm ka bliye kote yo pra l resevwa lonè devan yon seri gwo òganizasyon ki ap milite nan sektè edikasyon an nan tout peyi a.

Annou selebre profesè Ayisyen yo non! Chwazi yon pwofesè jodia menm!


ANONS OFISYÈL

 
 

Deziyen yon Pwofesè jodia

Aplikasyon pou nonmen yon pwofesè pou PwoNA 2024 fèmen kounye a.


gayan YO

 
 

2023

Esther Pierre

 
 

2022

Dieulique Andral

 
 

2021

Yves Andre Vilgrain



 

PwoNA 2023

 

Esponsò Ofisyèl: